Gen moun ki poko janm tande pale de mwen, gen moun ki petèt konn tande pale de mwen déjà kote yon lot moun ki pa byen konnen’m t’ap pale’l de mwen, ki vinn rann ap doute de mwen, ou gen rezon. Menm mwen menm tou si’m tande pale de yon moun pou la premyè fwa, m t’ap gen dout tou men avèk limit. Premyè bagay m t’ap fè, m t’ap tande li avèk anpil atansyon mwen t’ap analize li poum konnen èske se pa sou kou li ye, èske li vini pou ede oubyen m’ap fin peye’l epi m pap janm tande’l anko. Anvan nou jije liv la, nou ta dwe li liv la.



Si ou poko janm tande lè mwen ap pale de mwen, ou poko janm tande de mwen tout bon vre. Si ou poko janm tande pale de *The Web Secret* e vizyon ke nou genyen an, s’iw poko janm wè sa mwen menm mwen fè avèk vi mwen nan yon ti kras tan anba tout mizè, lapli, loraj, dòmi kay moun nan travay, mwen dwe’w yon ti eksplikasyon sou lavi’m. E ekout, mwen totalman dakò avèk tout dout ke’w genyen de mwen e sou *The Web Secret*
Mwen legalman rele Watson Delice, tout moun rekonèt mwen sou tout rezo sosyo yo sou non “Ÿwän”, mwen gen yon gwo istwa e mwen chanje lavi anpil moun.
Mwen se Ayisyen, mwen fèt Sen Domeng, mwen grandi Ayiti. Mwen te gen 11 zan lè mwen te kite Ayiti pou mwen ale nan peyi Etazini ak papa’m, se lè sa mwen te vinn tonbe damou teknoloji, mwen te vin gen premye òdinatè mwen lè mwen te gen 17 lane. Mwen te gen yon vi ki te difisil anpil kote mwen t’ap grandi san manman nan lakou Etazini, papa m te kite nou pou li ale marye ak yon jèn fanm, nou te prèske nan lari, tout lòt sè mwen yo te chèche yon moun pou yo fè vi yo, men mwen menm yon tonton m te rive pran m, men malgre sa lavi m te vin pi di epi timoun li yo pat renmen m, sa te difisil anpil. Mwen te konn dòmi nan travay, menm jou lekòl mwen yo te parèt difisil paske lekòl la te byen lwen e mwen pat menm gen lajan pou m pran bis, mwen te konn mache plis pase 2 zèdtan nan tout sezon lapli nan Florida pou mwen ale lekòl la. Sa a se yon rezime de yon long Istwa.
Mwen se yon antreprenè, mwen gen yon ajans marketing nan Florida (Qacci, Inc. Web Solutions) kote mwen ede gwo tankou ti biznis pou yo kabab jwenn plis kliyan. Mwen fè Dropshipping an plen tan kote’m fè pakèt lajan. De la mwen antre nan anseye lot ke entènèt la se yonn nan fason ki pi fasil pou fè lajan anliy e mwen te chwazi anseye moun Sendomeng kòman pou yo fè li.
Nan jou ki te 9 desanm nan lane 2018 la, mwen te ale dòmi nan 10 zè nan aswè, mwen fè yon rèv kote mwen t ap mache bò lanmè a, mwen wè yon pastè nan mitan lanmè a ki t ap batize yon moun pandan legliz li a ap chante nan dlo a, nonm sa a pastè a t ap batize a wè mwen epi li lonje dwèt sou mwen, li di “Pastè se misye ki pwochen an” Lè sa a, pastè a rele m e mwen te ale jwenn li nan dlo a epi yon limyè soti nan syèl la vini sou mwen e konsa pastè a te batize m. Pandan mwen t ap soti nan dlo a, mwen te kòmanse pale e mwen te wè pèp legliz li a te kòmanse koute m k ap anseye yo yon bagay nan lang kreyòl ayisyen an. E jou ki vini an mwen te vini ak lide a ki ta pral chanje kominote a.
Premye kou mwen te kòmanse anseye se te Dropshipping, Rezo Sosyo Marketing, Email Marketing, Jesyon repitasyon, Instagram, Entrepreneur modèn, Google my Business an kreyòl. Mwen chanje anpil vi, e anpil lòt Ayisyen te kòmanse swiv tras mwen pou fè menm bagay la. Kounyè a nou sou wout pou nou gen yon lòt Ayiti. Akoz tras sa a anpil ayisyen vle vini antreprenè.
Mwen menm asosye ak yon bank entènasyonal kote m ap pote solisyon pou chak grenn etidyan mwen yo kapab genyen yon MasterCard pou yo fonksyone, kote y ap ka pran oubyen fè pèyman anliy (sou entènèt). Sa se yon revolisyon!
Sa’m ta renmen fèw können Jodi a se ke edikasyon ap chanje, plis teknoloji, plis pratik, mwens teyori. Ou pa janm pran yon klas nan lekol, inivèsite, an liy etc ki ensanse, ki pa efektiv, ki neglijan, dekourajan, e ki fè’w anvi dòmi? Tout sa a rive a yon fen jodia. Map entwodwi’w a www.TheWebSecret.com, nouvo enstitisyon teknolojik an liy an kreyol lang manmanw ak lang papaw. Kote mwen kreye yon pakèt kou sou koman pou ou itilize entenet la pou ou fè masiv siksè.
Ou ta renmen fè plis lajan? I mean plis lajan nan yon ti kras tan? Aprann Rezo Sosyo Marketing, Aprann Dropshipping, Aprann Imel Marketing etc.
Si’w twouve’w kòm yon moun ki pa fè ase lajan, oubyen yon moun ki nan yon vye travay ke’w pa renmen kote blan gran zòrèy ap rele nan tèt ou kon timoun san manman, ti bebe ap kriye pou lèt lakayla, bouch madam nan moute men wotè paske’w pa bay ase nan kay la. Fòmasyon sa yo kapab chanje lavi’w konplètman pou tout tan gentan.
Menm si ou se yon filozòf oubyen yon nèg ki jis konn li men ki pa rive twò lwen, ou kapab yon doktè, enjenyè, avoka, grefye, ou byen yon gwo zotobwe ou byen yon moun ki pa telman sou men’l; The Web Secret se mèyè enstitisyon pou’w aprann efektivman kòman pou’w itilize rezo sosyo yo oubyen entènèt la pou’w fè masiv siksè nan yon ti kras tan.
Nou anseye’w kòman pou’w pwofesyonèlman grandi yon odyans, pwomote e vann yo yon pwodwi, epi pwomote tèt ou kom yon figi piblik, e devwale talan ou piblikman nan yon fason ki atraktan a mond lan.
Ou pa ta renmen yon jou pou’w ta gen pwòp ajans marketing ou? Kote wap fè marketing pou konpayi ki gen pwoblèm kliyan, kap chache nouvo kliyan, ki ta renmen pwomote yon nouvo pwodwi oubyen yon nouvo sèvis. Kote’w pral kap chaje de $2500 a $8000 pa mwa pou ou jis fè sa.
Ou dwe chwazi nou paske nou kyè, nou ouvri 24/7, nou kenbe men’w jiskaske’w kòmanse fè bon jan ti bagay. Fòmasyon nou yo kreye siksè pou anpil elèv.
“Misyon an se pou’m ouvri zye chak Ayisyen pou yo wè ke reyisit posib. Tout sa ki pèdi espwa, pou yo retoune jwenn la fwa ankò pou yo reyisi.”
“Vizyon an se pou’m anseye tout Ayisyen kòman pou yo itilize internet la pou fè pakèt lajan.”